Psalms 119:78
Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
77Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.
79Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.
Cross References
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
Psalms 1:2men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit.
Psalms 25:3Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi.
Psalms 35:26Tout moun ki kontan wè jan m'ap soufri a, se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè. Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil, se pou yo kouri al kache!
Psalms 109:3Kote m' pase, moun ki rayi m' yo ap pale m' mal. Y'ap fè m' lagè san mwen pa fè yo anyen.
Psalms 119:21Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.