Psalms 119:80
Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.
Bib La
In The King James Version
Let my heart be sound in thy statutes; that I be not ashamed.
In Context
79Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.
81Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.
Cross References
Deuteronomy 26:16Seyè a, Bondye nou an, pase nou lòd jòdi a pou nou swiv tout lwa ak tout regleman sa yo. N'a kenbe yo, n'a fè sa yo mande nou la a ak tout kè nou ak tout nanm nou.
2 Chronicles 15:17Atout li pa t' rive fè disparèt tout kay zidòl yo, li menm li te toujou sèvi Seyè a ak tout kè li pandan lavi li.
2 Chronicles 31:20Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a.
Psalms 25:21Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.
Psalms 119:6Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.
Ezekiel 11:9M'ap fè yo mete nou deyò nan lavil la. M'ap lage nou nan men moun lòt nasyon yo. M'ap pini nou jan m' te pwomèt nou sa a.