Psalms 119:94
Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.
Bib La
In The King James Version
I am thine, save me; for I have sought thy precepts.
In Context
93Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.
95Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.
Cross References
Psalms 3:8(03:9) Se ou menm sèl, Seyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.
Psalms 119:27Fè m' konprann ki jan pou m' swiv lòd ou ban mwen yo. M'a kalkile bèl bagay ou fè yo.
Psalms 119:45M'a mache alèz san anyen pa jennen m', paske m'ap toujou chache swiv lòd ou yo.
Psalms 119:170Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Jan ou te pwomèt la, delivre m'.
Song of Solomon 6:3Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.
Isaiah 44:2Men sa Seyè ki te kreye nou an, Seyè k'ap ede nou depi nan vant manman nou an, di: -Nou pa bezwen pè anyen, nou menm fanmi Jakòb, sèvitè m' yo, nou menm pèp Jechouwoun mwen te chwazi pou mwen an.