Psalms 119:97
Ala renmen mwen renmen lalwa ou la! Se tout lajounen m'ap kalkile sou li.
Bib La
In The King James Version
O how love I thy law! it is my meditation all the day.
In Context
96Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.
98Kòmandman ou yo fè m' gen plis konprann pase lènmi m' yo. Kòmandman ou yo nan kè m' tout tan.
Cross References
Deuteronomy 6:6Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a.
Joshua 1:8Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen.
Psalms 119:15M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.
Psalms 119:48M'ap respekte kòmandman ou yo, paske mwen renmen yo. M'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.
Psalms 119:127Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an.
Psalms 119:165Moun ki renmen lalwa ou la ap viv ak kè poze. Pa gen anyen ki pou fè yo bite.