Psalms 12:3
(012:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.
Bib La
In The King James Version
The LORD shall cut off all flattering lips, and the tongue that speaketh proud things:
In Context
2(012:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.
4(012:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?
Cross References
Exodus 15:9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo. M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m' vle. M'ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
1 Samuel 17:43Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
Job 32:22Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m' ta fè sa, Bondye ki kreye m' lan ta disparèt mwen lapoula.
Psalms 55:22(055:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe.
Psalms 116:11menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans!
Proverbs 18:21Sa ou di ka lavi pou ou, li ka lanmò pou ou. Sa ou chwazi, se sa w'ap jwenn.