Psalms 12:6
(012:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.
Bib La
In The King James Version
The words of the LORD are pure words: as silver tried in a furnace of earth, purified seven times.
In Context
7(012:8) Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!
Cross References
Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
2 Samuel 22:31Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Job 28:1Gen mi n anba tè kote yo jwenn ajan. Gen kote se la yo netwaye lò.
Psalms 18:30(018:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
Psalms 66:10Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray.
Psalms 119:140Pawòl ou se pawòl sèten nèt. Sèvitè ou gen tan renmen li.