Psalms 121:5
Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
Bib La
In The King James Version
The LORD is thy keeper: the LORD is thy shade upon thy right hand.
In Context
4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
6Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Psalms 91:1Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a
Isaiah 4:5Lajounen, Seyè a va voye yon gwo nwaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki sanble la a. Lannwit, se va lafimen ak yon gwo flanm dife la voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo, l'ap pwoteje tout lavil la.
Isaiah 32:2Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.