Psalms 122:4
Se la tout branch fanmi yo ap vin sanble. Tout branch fanmi pèp Seyè a, se la y'ap vini pou di Seyè a mèsi, jan li te ba yo lòd pou yo fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Jerizalèm, ou se yon lavil yo rebati, yon lavil kote tout bagay byen ranje.
5Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.
Cross References
Exodus 16:34Arawon fè sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Li mete ti ja a devan Bwat Kontra a, li sere l' la.
Exodus 26:33Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.
Exodus 34:23Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 12:11Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.
Psalms 66:13M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.
Psalms 81:6(081:7-)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè.