Psalms 122:6
Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
Bib La
In The King James Version
Pray for the peace of Jerusalem: they shall prosper that love thee.
In Context
5Se la pitit pitit David yo rete pou yo dirije, pou yo gouvènen pep la.
7Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze.
Cross References
Genesis 12:3M'ap voye benediksyon mwen sou tout moun ki va mande benediksyon pou ou. Men, m'ap madichonnen tout moun ki va ba ou madichon. Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.
1 Samuel 12:23Mwen menm, mande Bondye padon! mwen p'ap sispann lapriyè pou nou. Se ta yon gwo peche mwen ta fè devan Seyè a si m' ta fè sa. M'a moutre nou jan pou nou viv byen, jan pou nou mache dwat devan Seyè a.
Nehemiah 11:2Pèp la te fè lwanj tout moun ki te ofri tèt yo pou yo rete lavil Jerizalèm.
Psalms 51:18(051:20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo.
Isaiah 62:7Se pou yo kenbe l' kout jouk l'a fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y'a fè lwanj pou li.
Jeremiah 29:7Travay pou fè peyi kote Seyè a fè yo depòte nou an wè zafè l' mache byen. Lapriyè Seyè a pou yo. Paske, si sa bon pou yo la bon pou nou tou.