Psalms 124:7
Nou chape tankou yon ti zwezo ki chape soti nan pèlen chasè. Fil pèlen an kase. Nou chape, n' ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Ann fè lwanj Seyè a ki pa kite lènmi nou yo devore nou.
8Se Seyè a k'ap pote nou sekou, se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Cross References
1 Samuel 23:26Sayil ak mesye l' yo t'ap mache sou yon bò ravin lan sou flan mòn lan. David menm ak mesye pa l' yo t'ap mache sou lòt bò a, sou flan mòn anfas la tou. Li t'ap kouri pou l' te ka mete bèl distans ant li ak Sayil ki t'ap pwoche dèyè l'. Sayil te prèt pou mete men sou li.
1 Samuel 24:14Dèyè ki moun wa pèp Izrayèl la ye konsa? Dèyè ki moun l'ap kouri konsa? Dèyè yon chen mouri? Dèyè yon ti pis?
2 Samuel 17:2M'ap pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l', m'ap fè l' pè. Lè sa a, tout moun ki avè l' yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye.
Psalms 25:15Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
Psalms 129:4Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
Jeremiah 5:26Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun.