Psalms 126:5
Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.
Bib La
In The King James Version
They that sow in tears shall reap in joy.
In Context
Cross References
Psalms 137:1Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
Isaiah 35:10Moun Seyè a te delivre yo pral tounen. Y'ap rive lavil Siyon ak chante nan bouch yo, ak kè kontan make sou figi yo. Tout moun pral kontan, yo pral fè fèt. Moun p'ap nan lapenn. Ou p'ap tande plenyen ankò!
Jeremiah 31:13Jennfi yo va danse tèlman y'a kontan. Jennjan ansanm ak granmoun gason yo va kontan tou. M'ap wete lapenn nan kè yo, m'ap fè yo kontan. M'ap fè yo pran kouraj. Nan mitan chagren yo, m'ap fè yo kontan.
Joel 2:23Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l' te konn fè l' anvan an.
John 16:20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan.
Galatians 6:9Pa janm bouke fè byen. Paske, si nou pa dekouraje, n'a rekòlte lè lè a va rive.