Psalms 126:6
Moun ki t'ap kriye lè yo t'aprale avèk grenn pou yo simen nan jaden yo, y'ap tounen ak bèl chante nan bouch yo sitèlman yo kontan lè y'ap pote rekòt la lakay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan.
Cross References
Psalms 30:5(030:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan.
Isaiah 9:2Pèp ki t'ap mache nan fènwa a wè yon gwo limyè. Yo te rete nan yon peyi kouvri ak fènwa. Men, koulye a yon limyè vin klere yo!
Jeremiah 50:4Men sa Seyè a di ankò: -Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Seyè a, Bondye yo a.
Acts 16:29Lè chèf prizon tande sa, li mande yon chandèl, li kouri nan kacho a. Li lage kò l' atè nan pye Pòl ak Silas. Li t'ap tranble kou yon fèy bwa tèlman li te pè.
Revelation 7:15Se poutèt sa, yo kanpe la devan fòtèy Bondye a, lajounen kou lannwit y'ap sèvi nan tanp li a. Moun ki chita sou fòtèy la ap toujou la pou pwoteje yo.