Psalms 127:1
Se yon chante Salomon pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Si se pa Seyè a ki bati kay la, travay moun k'ap bati yo pa vo anyen. Si se pa Seyè a k'ap pwoteje lavil la, travay moun k'ap veye yo pa vo anyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 2:2Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l' konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.
1 Chronicles 22:10Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen. L'ap yon pitit pou mwen, mwen menm m'ap yon papa pou li. M'ap fè l' toujou gen yon moun nan fanmi l' wa pou gouvènen pèp Izrayèl la.
1 Chronicles 28:20Apre sa, wa David di Salomon, pitit li a: -Mete gason sou ou! Pran kouraj, pitit mwen! Fè sa ou gen pou fè a! Pa kite anyen fè ou pè, paske Seyè a, Bondye mwen an, kanpe la avè ou, jouk tout travay pou sèvis Tanp lan fini.
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Psalms 78:69Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.
Psalms 121:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?