Psalms 128:2
Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Bib La
In The King James Version
For thou shalt eat the labour of thine hands: happy shalt thou be, and it shall be well with thee.
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:4Seyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo.
Deuteronomy 28:11Seyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Seyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Psalms 1:3Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen.
Ecclesiastes 5:18Men sa mwen jwenn ankò: Pi bon bagay yon moun ka fè sou latè, se manje, se bwè, se jwi sa li travay di fè a, pandan de twa jou Bondye ba li pou li viv la. Men, se sa ase ki pou yon moun nan lavi.
Isaiah 3:10Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.