Psalms 128:3
Madanm ou ap tankou yon pye rezen k'ap donnen anndan kay ou. Pitit gason ou yo ap tankou jenn ti plant oliv tout arebò tab ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
2Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
4Se konsa Seyè a ap beni moun ki gen krentif pou li!
Cross References
1 Chronicles 8:40Pitit gason Oulam yo te vanyan sòlda ki te gen anpil ladrès nan sèvi ak banza. Yo te gen sansenkant (0150) pitit ak pitit pitit antou. Tout moun sa yo te fè pati branch fanmi Benjamen an.
Psalms 127:3Pitit se kado Bondye bay, se yon rekonpans pou manman ak papa.
Psalms 144:12Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan.
Jeremiah 11:16Yon lè, mwen te rele yo: Bèl pye oliv mwen an, plen fèy, chaje donn. Men, koulye a, m'ap vini ak yon bri loraj, m'ap mete dife nan fèy li yo, m'ap kase tout branch li yo.
Hosea 14:6Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.