Psalms 129:5
Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
Bib La
In The King James Version
Let them all be confounded and turned back that hate Zion.
In Context
4Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
6Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
Cross References
Nehemiah 6:16Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k'ap viv nan vwazinaj nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l'.
Esther 9:5Jwif yo tonbe sou tout lènmi yo ak kout nepe. Yo touye yo, yo masakre yo. Yo fè sa yo vle ak moun ki pa t' vle wè yo.
Psalms 71:13Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen.
Psalms 122:6Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze.
Isaiah 29:8Wi, tout bann moun lòt nasyon yo ki t'ap fè lagè ak lavil Jerizalèm sou mòn Siyon an, y'ap tankou yon moun k'ap mouri grangou epi ki reve l'ap manje. Men, lè li leve, li grangou pi rèd. Osinon, tankou yon moun k'ap mouri swaf dlo, li reve l'ap bwè dlo. Men, lè li leve, li tou fèb, li swaf dlo pi rèd.
Isaiah 37:28Mwen konnen lè ou leve, mwen konnen lè ou chita. Mwen konnen lè ou soti, mwen konnen lè ou antre. Mwen konnen lè ou fin anraje sou mwen.