Psalms 130:3
Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
Bib La
In The King James Version
If thou, LORD, shouldest mark iniquities, O Lord, who shall stand?
In Context
2Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
4Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou.
Cross References
Ezra 9:15Seyè, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, se paske ou bon anpil pou nou kifè gen yon ti ponyen nan nou ki rete toujou, jan sa ye jòdi a. Epi, gade koulye a, men nou kanpe devan ou avèk tout peche nou yo! Wi, nou pa gen dwa rete vivan devan ou ankò poutèt sa!
Job 9:20M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.
Job 15:14Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
Psalms 143:2Pa jije m' sou sa m' fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou.
Nahum 1:6Ki moun ki ka kanpe devan l' lè li ankòlè? Ki moun ki ka chape anba men l' lè li move? Kòlè Bondye tonbe sou latè tankou dife. Gwo wòch yo tounen pousyè devan li.
John 8:7Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.