Psalms 131:1
Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Seyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m' konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 17:20Konsa, li p'ap ka mete nan tèt li li plis pase rès pèp la, li p'ap janm dezobeyi ankenn lòd nan sa Seyè a te bay la. Se konsa, ni li ni pitit li yo y'a rete chèf lontan nan mitan pèp Izrayèl la.
1 Samuel 16:18Yonn nan mesye yo di konsa: -Izayi, moun lavil Betleyèm lan, gen yon pitit gason ki konn jwe mizik. Se yon vanyan gason, yon bon sòlda ki gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, li byen kanpe. Seyè a avèk li.
1 Samuel 17:15Tanzantan David te konn soti lakay Sayil desann lavil Betleyèm pou l' al okipe mouton papa l' yo.
1 Samuel 18:23Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'.
Job 42:3Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen.
Psalms 101:5M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.