Psalms 135:4
Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.
Bib La
In The King James Version
For the LORD hath chosen Jacob unto himself, and Israel for his peculiar treasure.
In Context
3Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.
5Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.
Cross References
Exodus 19:5Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre.
Deuteronomy 10:15Men, pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk koulye a.
Deuteronomy 32:9Men, li chwazi pitit Jakòb yo pou li. Se yo ki pèp pa l' la menm.
Psalms 33:12Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!
Isaiah 41:8Men, nou menm pèp Izrayèl, sèvitè m' yo! nou se pitit pitit Jakòb, moun mwen te chwazi a! Nou se moun ras Abraram, zanmi mwen an!
Jeremiah 51:19Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo. Se li menm ki fè tout bagay. Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l' pa l'. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'.