Psalms 135:5
Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.
Bib La
In The King James Version
For I know that the LORD is great, and that our Lord is above all gods.
In Context
4Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.
6Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.
Cross References
Psalms 48:1(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
Psalms 89:6(089:7) Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
Psalms 96:4Seyè a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fè lwanj li vre. Se pou moun pè l' pi plis pase lòt bondye yo.
Psalms 147:5Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
Isaiah 40:25Ki moun nou ka di ki tankou m'? Ki moun ki pou ta sanble avè m'? Se Bondye apa a ki di sa.
Daniel 3:29Koulye a, men lòd mwen bay pou tout pèp, moun tout peyi ak moun tout ras ki pale lòt lang yo: si yonn nan nou pale Bondye Chadrak, Mechak ak Abèdnego a mal, se pou yo depatcha l'. Lèfini, se pou yo kraze kay li nèt mete atè. Paske pa gen lòt bondye ki ka delivre moun konsa.