Psalms 135:9
Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.
10Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:
Cross References
Exodus 7:1Seyè a di Moyiz konsa: -Gade! Mwen pral fè ou tounen Bondye pou farawon an. Arawon, frè ou la, pral pale avè l' pou ou tankou yon pwofèt.
Deuteronomy 6:22Nou te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l' yo.
Psalms 78:12Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
Psalms 105:27Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.
Isaiah 51:9Leve non, Seyè! Leve non! Mete kouraj ou sou ou, Seyè! Leve non, tankou nan tan lontan, jan ou te fè l' sou tan zansèt nou yo! Apa ou menm ki te fann Raab pak an pak? Apa ou menm ki te pèse gwo dragon lanmè a?
Acts 7:36Se Moyiz ki fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan.