Psalms 136:11
Li fè pèp Izrayèl la soti nan peyi Lejip. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Bib La
In The King James Version
And brought out Israel from among them: for his mercy endureth for ever:
In Context
12Avèk kouraj li, ak fòs ponyèt li, Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Cross References
Exodus 12:41Menm jou ki te fè yo katsantrantan nan peyi a, jou pou jou, tout lame moun Seyè a soti kite peyi Lejip la.
Exodus 12:51Se jou sa a Seyè a te fè tout lame moun Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la.
Exodus 13:9Sèvis sa a ap tankou yon mak nan men nou osinon yon bagay nou mete nan tèt nou pou nou pa bliye, pou nou ka toujou fè konnen lòd Seyè a. Paske, se avèk fòs ponyèt li li fè nou soti kite peyi Lejip la.
Exodus 13:16Sèvis sa a va tounen tankou yon mak sou men nou, tankou bando nou mare sou fwon nou, pou fè nou chonje se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip.
1 Samuel 12:6Samyèl di yo: -Seyè a temwen sa nou di a, li menm ki te voye Moyiz ak Arawon pou fè zansèt nou yo soti kite peyi Lejip la.
Psalms 105:37Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.