Psalms 137:1
Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
Bib La
In The King James Version
By the rivers of Babylon, there we sat down, yea, we wept, when we remembered Zion.
In Context
2Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
Cross References
Ezra 8:21Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.
Nehemiah 1:3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Job 2:12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
Psalms 102:9(0102:10) Se sann dife ki tout manje m'. Dlo nan je m' fè yon sèl ak dlo m'ap bwè.
Jeremiah 8:19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.
Jeremiah 13:17Si nou pa koute l', mwen pral kache kò m' yon kote pou m' kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m' pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Seyè a prizonye, yo pral depòte yo.