Psalms 137:3
Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
Bib La
In The King James Version
In Context
2Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
4Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
Cross References
1 Chronicles 15:27David te gen yon rad fèt ak twal fin blan sou li, menm jan ak tout moun Levi yo ki t'ap mache devan Bwat Kontra a, sanba yo ak Kenaja ki t'ap dirije travay transpò a. David te gen yon moso twal fin blan tou mare nan ren li.
Nehemiah 4:2Li konmanse pase nou nan betiz. Li t'ap di devan moun pa l' yo ak devan sòlda lame peyi Samari a: -Kisa jwif yo konprann y'ap fè la a? Yo ta renmen rebati lavil la. Yo konprann avèk tout bèt y'ap ofri pou touye yo, nan yon jou yo pral fini? Yo mete nan tèt yo avèk demoli ki fin tounen pousyè ak sann dife yo ka fè wòch pou rebati lavil la.
Psalms 65:1(065:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (065:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a.
Psalms 80:6(080:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
Proverbs 25:20Chante mereng pou yon moun ki nan lapenn, se tankou moun ki wete tout rad sou li nan fredi, se tankou si ou prije sitwon sou yon malenng.
Isaiah 51:11Moun Seyè a delivre yo ap tounen lakay yo. Y'ap rive sou mòn Siyon an avèk chante nan bouch yo, ak yon kontantman nan tout figi yo, yon sèl kè kontan ki p'ap janm fini. P'ap gen lapenn, p'ap gen plenyen ankò. Se va kè kontan ak fèt pou tout tan.