Psalms 14:4
Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
Bib La
In The King James Version
In Context
5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Cross References
Job 21:15Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'?
Psalms 27:2Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe.
Psalms 82:5Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò!
Proverbs 30:14Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
Isaiah 27:11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.
Isaiah 44:19Moun k'ap fè zidòl yo pa kalkile nan tèt yo, yo pa konn anyen, yo pa gen konprann pou yo ta di: Mwen boule mwatye bwa a nan dife. Mwen kwit manje sou chabon dife a. Mwen griye vyann pou m' manje. Avèk rès bwa a mwen fè yon bagay k'ap avili m', yon zidòl. M'ap adore yon bout bwa!