Psalms 14:6
Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.
Bib La
In The King James Version
Ye have shamed the counsel of the poor, because the LORD is his refuge.
In Context
5Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Cross References
Psalms 3:2(03:3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l'!
Psalms 9:9(09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
Psalms 40:17(040:18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
Psalms 46:1(046:1) Pou chèf sanba yo. Se yon chante pitit Kore yo pou yo chante tou dousman. (046:2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.
Isaiah 37:10Li di yo: -Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans lan, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.
Daniel 3:15Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.