Psalms 141:4
Pa kite move lide pran tèt mwen. Pa kite m' mete tèt ansanm ak mechan yo nan mechanste yo. Pa kite m' patisipe nan fèt yo!
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè, mete yon mò nan bouch mwen. Veye pawòl k'ap soti nan bouch mwen!
Cross References
Numbers 25:2Medam peyi Moab yo menm envite yo nan seremoni ofrann bèt yo t'ap touye pou bondye pa yo. Moun pèp Izrayèl yo ale vre, yo manje epi yo sèvi bondye moun Moab yo.
Deuteronomy 29:4Men, jouk koulye a, Seyè a poko louvri lespri nou ase pou nou konprann byen konprann tou sa nou wè ak tou sa nou tande.
1 Kings 13:8Pwofèt la reponn: -Ou ta mèt ban mwen mwatye nan tout richès ou yo, mwen p'ap mete pwent pye m' lakay ou. Mwen p'ap manje pen, ni mwen p'ap bwè dlo isit la.
Psalms 28:3Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.
Proverbs 23:1Lè chèf envite ou manje sou menm tab ak li, pa janm bliye ki moun li ye.
Isaiah 63:17Poukisa atò ou kite nou pèdi chemen ou te mete devan nou an, ou kite nou lage kò nou nan raje? Poukisa ou kite nou fè tèt di, ou kite nou pèdi krentif nou te gen pou ou a? Tanpri, tounen vin jwenn nou non, poutèt moun k'ap sèvi ou yo, poutèt pèp ki toujou moun pa ou la!