Psalms 143:10
Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m' jan pou m' fè sa ou vle m' fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m' nan chemen ki pa gen move pa.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m' anba lènmi m' yo.
Cross References
Numbers 9:22Toutotan nwaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pa t' deplase. Men, leve nwaj la leve, yo leve, yo pati.
Psalms 22:1(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan?
Psalms 25:4Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!
Psalms 25:12Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran.
Psalms 31:14(031:15) Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen.
Psalms 118:28Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa!