Psalms 144:2
Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
Cross References
2 Samuel 22:40Ou ban m' kont fòs pou m' goumen. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon.
Psalms 18:47(018:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
Psalms 84:9(084:10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Jeremiah 16:19Seyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m' tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va soti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: -Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.