Psalms 144:4
Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.
Bib La
In The King James Version
Man is like to vanity: his days are as a shadow that passeth away.
In Context
3Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
5Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.
Cross References
2 Samuel 14:14Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l' ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l'.
Job 4:19Ale wè atò pou moun ki fèt ak labou, pou moun ki soti nan pousyè tè, pou moun yo kapab kraze tankou poudbwa!
Job 14:1Nou menm moun, se nan vant fanm nou soti. Lavi nou kout, men li pa manke traka!
Psalms 39:5(039:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.
Psalms 39:11(039:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.
Psalms 89:47(089:48) Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.