Psalms 145:17
Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
Bib La
In The King James Version
The LORD is righteous in all his ways, and holy in all his works.
In Context
16Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
18Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
1 Samuel 2:2Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l'. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
Job 34:10Nou menm ki gen lespri, koute sa m'ap di. Bondye pa ka fè mechanste. Bondye ki gen tout pouvwa a pa ka nan patipri.
Psalms 50:6Syèl la va fè konnen Bondye ki pa nan patipri a, se li menm ki sèl jij!
Psalms 97:2Li nan mitan yon gwo nwaj tou nwa. L'ap gouvènen tout bagay avèk jistis, san patipri.
Psalms 103:6Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.