Psalms 145:18
Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo.
Bib La
In The King James Version
The LORD is nigh unto all them that call upon him, to all that call upon him in truth.
In Context
17Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè.
19L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo.
Cross References
1 Kings 18:27Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'.
Psalms 34:18(034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa.
Psalms 46:5(046:6) Bondye nan mitan lavil la, lavil la p'ap janm brannen. Depi granmaten, Bondye ap pote l' sekou.
Psalms 119:151Men, ou toupre m', Seyè. Tout kòmandman ou yo se bagay ki vre.
Isaiah 1:15Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!
Jeremiah 29:12Lè sa a, n'a rele m', n'a vin lapriyè nan pye m', m'a reponn nou.