Psalms 146:3
Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.
Bib La
In The King James Version
Put not your trust in princes, nor in the son of man, in whom there is no help.
In Context
2M'ap pase tout lavi m' ap fè lwanj Seyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.
4Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.
Cross References
2 Chronicles 16:7Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.
Psalms 62:9(062:10) Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Psalms 118:8Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun.
Isaiah 2:22Pa mete konfyans nou nan moun parèy nou! Talè yo pa pèdi souf yo, yo pa mouri! Lè sa a, kisa yo ka fè pou nou ankò?
Isaiah 31:3Moun Lejip yo, se moun yo ye, yo pa bondye. Chwal yo tankou tout chwal. Se pa chwal Bondye voye! Seyè a pral lonje men l', moun k'ap bay pwoteksyon an ap bite, moun k'ap chache pwoteksyon an ap tonbe. Y'ap mouri ansanm!
Jeremiah 17:5Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo.