Psalms 146:6
Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.
Bib La
In The King James Version
Which made heaven, and earth, the sea, and all that therein is: which keepeth truth for ever:
In Context
Cross References
Exodus 20:11Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.
Job 38:8Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete soti nan vant latè a?
Psalms 89:2(089:3) Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w'ap toujou kenbe pawòl ou.
Psalms 95:5Se pou li lanmè a ye, paske se li ki fè l', latè a tou, paske se li ki ba l' fòm ak men l'.
Psalms 100:5Seyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Psalms 117:2Paske, li renmen nou anpil anpil, l'ap toujou kenbe pawòl li. Lwanj pou Seyè a!