Psalms 146:9
Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:21Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
Deuteronomy 16:11N'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou fè sèvis pou li a, nou menm, pitit gason ak pitit fi nou yo, domestik nou yo, fanm kou gason, ansanm ak moun Levi yo ak moun lòt nasyon yo, timoun ki san papa ak fanm vèv k'ap viv ansanm ak nou nan lavil kote nou rete a.
2 Samuel 17:23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
Esther 7:10Se konsa yo pann Aman nan poto li te pare pou Madoche a. Apre sa, kòlè wa a tonbe.
Job 5:12Li gate mannigèt bakoulou yo. Li pa janm kite yo rive fè sa yo te mete nan tèt yo.
Psalms 18:26(018:27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.