Psalms 147:5
Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit.
Bib La
In The King James Version
Great is our Lord, and of great power: his understanding is infinite.
In Context
4Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak.
6Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè.
Cross References
Job 36:5Bondye gen pouvwa. Li pa meprize pesonn. Pa gen anyen li pa konprann.
Psalms 48:1(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
Psalms 99:2Seyè a gen pouvwa nan peyi Siyon! L'ap gouvènen sou tout pèp yo.
Psalms 139:17Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m' konprann, lèfini yo anpil!
Isaiah 40:28Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
Jeremiah 10:7Ou se wa tout nasyon. Ki moun ki pa ta gen krentif pou ou! Nan tout moun lespri ki sou latè, nan tout chèf yo, pa gen tankou ou!