Psalms 148:4
Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
Bib La
In The King James Version
Praise him, ye heavens of heavens, and ye waters that be above the heavens.
In Context
3Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!
5Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
Cross References
Genesis 1:6Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de.
Genesis 7:11Jou ki fè Noe sisanzan (0600 an), yon mwa, disèt jou, tout sous nan fon lanmè a pete. Syèl la menm louvri, li konmanse vide dlo sou tè a.
1 Kings 8:27Men, Bondye, èske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wè pou ti kay mwen bati pou ou la a!
Nehemiah 9:6Seyè, se ou menm ki sèl mèt. Pa gen lòt. Se ou ki fè syèl la, sa ki anwo syèl la ansanm ak tout sa ki ladan l'. Se ou ki fè tè a ak tou sa ki sou li, lanmè a ak tou sa ki ladan l'. Se ou ki bay tout bagay sa yo lavi. Tout pouvwa nan syèl la bese tèt devan ou pou adore ou.
Psalms 69:35(069:36) L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo.
Psalms 113:6Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.