Psalms 148:9
gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,
Bib La
In The King James Version
Mountains, and all hills; fruitful trees, and all cedars:
In Context
8dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè,
Cross References
Psalms 65:12(065:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan.
Psalms 97:4Kout zèklè li yo klere toupatou. Moun ki sou latè wè sa, yo pran tranble.
Psalms 114:3Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
Isaiah 44:23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
Isaiah 55:12N'a kite lavil Babilòn ak kè kontan. Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze. Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan. Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!
Ezekiel 36:1Seyè a di ankò: -Koulye a, nonm o! Men mesaj pou ou bay mòn Izrayèl yo, koute sa Seyè a voye di nou.