Psalms 15:4
Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Seyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l' chè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 9:18Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa.
2 Samuel 21:1Sou rèy wa David, vin gen yon gwo grangou pandan twazan yonn apre lòt. Lè sa a, David al mande Seyè a sa k'ap pase. Seyè a reponn li: -Se krim Sayil ak fanmi l' yo te fè ki lakòz grangou sa a, paske yo te sasinen moun lavil Gabawon yo.
2 Chronicles 36:13Sedesyas leve kont wa Nebikadneza ki te fè l' sèmante devan Bondye li t'ap toujou soumèt devan li. Li fè tèt di, li derefize chanje lavi li t'ap mennen an pase pou l' ta tounen vin jwenn Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Job 32:21Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.
Psalms 101:4Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m'. Mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ki mechan.
Psalms 119:63Mwen se zanmi tout moun ki gen krentif pou ou, zanmi tout moun k'ap swiv lòd ou yo.