Psalms 15:5
Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l' bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 22:24m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou.
Exodus 23:7Evite fè manti sou moun pou akize yo. Moun inonsan ak moun ki nan dwa yo, piga nou fè touye yo, paske mwen p'ap padonnen moun ki fè bagay konsa.
Deuteronomy 16:19Piga yo fè ankenn lenjistis. Piga yo gade sou figi moun pou jije yo. Piga yo pran lajan anba nan men pesonn paske lajan konsa ka anpeche menm moun ki gen konprann wè klè, li ka fè nou kondannen moun inonsan.
Deuteronomy 23:20Nou gen dwa egzije yon moun lòt nasyon pou l' peye nou enterè sou sa nou prete l'. Men, nou pa ka fè yon moun pèp Izrayèl parèy nou sa. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa nou pral fè nan peyi Bondye pral ban nou pou rele nou pa nou.
1 Samuel 12:3Koulye a, men mwen! Se pou nou di m' devan Seyè a, devan wa li chwazi a, sa mwen janm fè nou. Eske mwen janm pran bèf osinon bourik yonn nan nou? Eske mwen janm pwofite sou pesonn? Eske mwen janm aji mal ak pesonn? Eske mwen janm pran lajan nan men pesonn pou m' kache anyen pou li? Si mwen janm fè bagay konsa, m'ap renmèt sa m' te pran an.
Nehemiah 5:7Lè m' fin kalkile bagay la byen nan kè m', mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan.