Psalms 16:11
W'a fè m' konnen chemen ki bay lavi a. Paske ou la avè m', mwen pa manke kontan. Bò kote ou, Seyè, se yon plèzi ki p'ap janm fini.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Paske ou p'ap kite m' kote mò yo ye a, ou p'ap penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
Cross References
Psalms 17:15Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.
Psalms 36:7(036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.
Psalms 139:24Gade wè si m' sou yon move chemen. Mennen m' sou chemen ki la pou tout tan an.
Proverbs 4:18Chemen moun k'ap mache dwat yo tankou solèy k'ap leve. Chak lè, l'ap vin pi klere jouk li fin jou nèt.
Proverbs 12:28Fè sa ki dwat, w'a jwenn ak lavi. Fè sa ki mal, w'a jwenn ak lanmò.
Matthew 5:8Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye.