Psalms 16:4
Moun k'ap kouri dèyè tout lòt bondye yo, se traka y'ap chache bay tèt yo. Mwen p'ap mele nan ofrann bèt y'ap fè. Mwen p'ap janm nonmen non bondye sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Tout plezi m' se pou m' toujou la avè moun k'ap sèvi Seyè a nan peyi a.
5Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
Cross References
Genesis 35:14Jakòb pran yon gwo wòch, li plante l' pou l' make kote Bondye te pale avèk li a. Li pran diven, li wouze wòch la, apre sa li vide lwil sou li.
Leviticus 23:13N'a ofri ansanm avè l' tou katòz ti mamit farin frans melanje ak lwil oliv pou nou boule nan dife pou Seyè a. Bon sant ofrann lan va fè Seyè a plezi. N'a ofri tou yon boutèy ka diven pou yo vide pou Seyè a.
Psalms 32:10Mechan yo gen pou yo soufri anpil. Men, Seyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
Psalms 106:37Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo.
Isaiah 65:11Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,
Jeremiah 7:18Timoun yo ap ranmase bwa. Mesye yo ap limen dife. Medam yo ap bat farin pou fè gato pou Larenn syèl la. Y'ap ofri diven vide atè pou lòt bondye. Y'ap fè tou sa pou yo fè m' lapenn.