Psalms 18:1
(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen.
Bib La
In The King James Version
I will love thee, O LORD, my strength.
In Context
Cross References
Exodus 15:1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M'ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
1 Samuel 2:1Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m' kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m' kontan paske Bondye delivre mwen.
2 Samuel 22:22Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
Psalms 28:7Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.
Psalms 36:1(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.
Psalms 116:16Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo.