Psalms 18:15
(018:16) Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè.
Bib La
In The King James Version
In Context
14(018:15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
Cross References
Exodus 15:8Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.
1 Samuel 7:10Pandan Samyèl t'ap boule ofrann lan, moun Filisti yo mache sou pèp Izrayèl la vin atake yo. Men lè sa a, Seyè a voye yon kout loraj sou moun Filisti yo. Moun Filisti yo pèdi tèt yo, yo pran kouri met deyò devan pèp Izrayèl la.
2 Kings 19:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l'.
Job 36:32Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a.
Psalms 74:15Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.
Psalms 77:18(077:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble.