Psalms 19:14
(019:15) Seyè, se ou ki twou wòch kote m' kache a, se ou ki delivrans mwen, mwen mande ou pou pawòl ki soti nan bouch mwen, ak lide k'ap travay nan tèt mwen fè ou plezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:4Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.
Psalms 5:1(05:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. (05:2) Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn!
Psalms 51:15(051:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou.
Psalms 104:34Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.
Proverbs 15:8Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.
Isaiah 44:6Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.