Psalms 2:5
Apre sa, li fè kòlè, li pale ak yo. Li move sou yo, li fè kè yo kase.
Bib La
In The King James Version
Then shall he speak unto them in his wrath, and vex them in his sore displeasure.
In Context
4Seyè a rete chita nan syèl la, l'ap ri. L'ap pase yo nan jwèt.
6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.
Cross References
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Psalms 109:20Se konsa pou Seyè a pini moun ki pa vle wè m' yo, moun k'ap pale m' mal yo.
Isaiah 11:4L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Isaiah 66:6Koute! Gwo bri nou tande k'ap fèt nan lavil la, gwo vwa nou tande k'ap pale nan tanp lan, se bri Seyè a k'ap tire revanj li sou lènmi l' yo.
Matthew 22:7Wa a fè yon gwo kòlè, li voye sòlda l' yo touye ansasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan lavil yo a.
Luke 19:27Kanta lènmi m' yo ki pa t' vle mwen pou wa yo, mennen yo isit, touye yo la devan je mwen.