Psalms 20:3
(020:4) Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li.
Bib La
In The King James Version
Remember all thy offerings, and accept thy burnt sacrifice; Selah.
In Context
4(020:5) Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre.
Cross References
Genesis 4:4Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.
1 Chronicles 21:26Lèfini, li bati yon lotèl pou Seyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Seyè a. Seyè a reponn li, li voye dife soti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.
Psalms 51:19(051:21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.
Psalms 134:3Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Acts 10:4Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou.
1 Peter 2:5Nou menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l' tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki soti nan kè nou, ofrann ki pou fè l' plezi.