Psalms 20:6
(020:7) Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:43tanpri, nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè li. W'a fè pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pèp sou latè va konnen ou. y'a gen krentif pou ou tankou pèp Izrayèl ou a gen krentif pou ou. y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.
Psalms 9:15(09:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
Psalms 18:35(018:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
Psalms 28:8Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.
Psalms 89:20(089:21) Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l' apa pou l' vin wa sou nou.
Isaiah 58:9Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal,