Psalms 22:16
(022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
17(022:18) Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'.
Cross References
Psalms 22:20(022:21) Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'.
Psalms 59:6(059:7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen.
Psalms 86:14Bondye, yon bann awogan leve dèyè m'! Yon kantite mechan soti pou yo touye m'! Yo pa menm chonje si gen Bondye!
Jeremiah 12:6Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.
Matthew 7:6Piga nou bay chen bagay yo mete apa pou Bondye. Piga nou jete bèl grenn pèl nou yo devan kochon. Si nou fè sa, kochon yo va mache sou yo, epi y'a vire sou nou vin dechire nou.
Matthew 27:35Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.