Psalms 22:6
(022:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.
Bib La
In The King James Version
But I am a worm, and no man; a reproach of men, and despised of the people.
In Context
7(022:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen.
Cross References
Job 25:6Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?
Psalms 31:1(031:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (031:2) Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen.
Psalms 41:5(041:6) Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'?
Psalms 69:19(069:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo.
Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.